Saturday, March 22, 2014

Foto: Jhonny Célicourt.
Tout dwa se pou moun ki fè foto a
Nanpwen bagay mwen renmen konsa lè mwen f on sòti kite chalè ak pil bri Pòtoprens lan dèyè pou kèk jou nan pwovens oswa lòt bò dlo. Lè sa a, m santi  m pral rale yon gwo souf.

Pandanstan, menm si nou wè m ap pyafe nan kòmansman blòg sa a sou lanmou mwen genyen nan al respire byen lwen lanfè Pòtoprens lan, mwen dwe rekonèt Pòtoprens fonn nan mwen tankou blòk bè anba solèy midi. 

Vil sa a gen yon bagay mistik, majik ki makonnen ak li e ki anpeche w kite l.  M pa di nou kisa. Se petèt blokis la; moun pil sou pil k ap monte desann tankou foumi fou; anpil jenn gason k ap siye machin olye pou y al kase bous moun; sa k ap vann pap padap, sachè dlo; restoran nan Petyonvil; moun ki sou bwase tout jan; sipèsta ak sa ki gen foli sipèsta  elatriye. Mwen grandi nan anbyans sa a. Li fè pati idantite m.

Kidonk, apre 4, 5 jou deyò, kit se nan vil pwovens oswa lòt bò dlo, imaj Pòtoprens toujou anndan bwa tèt mwen. 

Ban m antre nan sijè blòg sa a.  Sa pral fè prèske 3 lanne depi  Preyidan Michel Martelly monte sou pouvwa a ann Ayiti. Ansyen chantè a debake tèt kale ak eslogan ‘’Haiti Is Open For Business’’ (Pòt Ayiti Louvri Pou Tout Bizismann).  Nan sans sa, nou wè gen gwo jefò k ap fèt, sitou nan sektè touris la, pou eslogan sa a ateri. Nou bat gwo bravo lakontantman pou sa. Ti pa, ti pa, Ayiti ap reprann plas li te genyen nan lanne 50-60 yo nan kesyon touris. Nou gen lespwa pou sa.

Etandone sèdènye tan mwen travay anpil nan vil Sen Mak ak kèk lokalite ki viwonnen l, se toujou nan yon gwo lotèl djòl loulouz bò lanmè, sa yo rele an Angle ‘’Seaside Resort’’ mwen toujou al dòmi. Se yon espas mwen adore anpil. Li bèl, sèvis la bon, chanm yo senp, toujou byen fèt, manje yo se koupe dwèt, lanmè a pwòp. Kanta pisin nan menm, se pa pale. Lè m antre ladan l, mwen gen yon boutèy Babankou 5 zètwèl nan men m, gade non, lavi a bèl. Sou kesyon lamanjay la menm, se ra pou m pa gonfle lè m la tèlman m tifle grenn diri ak gratine grenn mayi dous.

Mwen tèlman konn ap poste foto sou Instagram oswa mete pòs wololoy sou Facebook ak Twitter pou m fè djòlè pou lotèl sa a, anpil zanmi konn mande m si yo peye m. Nan sans sa a, dènyèman, m pase 4 nuit laba a. Gen yon zanmi m Ozetazini ki t ap suiv pòs mwen yo sou Facebook. Manmzèl genyen pou l antre Ayiti vin nan fèt chanpèt nan peyi l ak yon bann zanmi, pami yo gen meriken natif natal ki pral vini Ayiti pou premye fwa.

Manmzèl rele m epi mande m konbyen lajan sa ka koute si yo 15 antre (m pa fin sonje chif la, men se ozalantou sa). Mwen te gen yon lide de pri a wi - mwen abitye vin pase wikenn ak boubout mwen deja ladan l - , men m te vle al konfime.

Nan resepsyon an, yo di m se 226 dola meriken pou chak nuit pou 2 moun nan chanm nan. Yo chak ap jwenn 3 repa. Mwen dwe presize se bifè, se pa ti plat manje soufrisken. Sa vle di ou manje ak bwè ji oswa kola kantite 2 branch trip ou ka kenbe. Lè m bay zanmi a pri a, jan l reponn mwen an, m panse kè malerèz la te manke rete tèlman li sezi. Li mande m si se yon 6 oswa 7 zètwèl paske Hyatt oswa Marriott pa nan pri sa yo lè se peryòd akalmi konsa.

Sa fè m reflechi anpil. Bon, mwen pa gen ankenn espesyalizasyon nan kesyon Finans, ni Ekonomi. Men, mwen gen yon ti konesans tou zuit nan kesyon Maketin. Sa vle di, refleksyon pa m nan pral baze sou lopinyon yon sitwayen, yon konsomatè men pa yon espesyalis.

Etan mwen te nan ‘’Seaside Resort’’ sa a ki gen plis pase 200 chanm, m pa kwè te gen 30 moun la. Mwen di tèt mwen, poukisa yo pa fè espesyal ‘’package’’ nan epòk akalmi sa yo, desann pri yo pou enterese moun ki gen ti mwayen nan Pòtoprens oswa lòt vil peyi a vin pase yon wikenn, 2, 3 jou nan mitan semenn nan ? Olye pou lotèl la rete prèske vid epi yo kenbe gwo pri tèt nèg kinalaganach, li ta bon pou louvri pòt yo pou yon kliyantèl ki anvi vini men ki pa gen gwo mwayen.

Ann pran egzanp yon jenn koup marye owa plase, oswa menm 2 moun ki renmen. Si yo chak ap touche 25 mil goud pa mwa. Sa fè 50 mil, ki bay apeprè 1,200 dola meriken. L ap difisil pou yo vin pase yon wikenn pa mwa si w ap wete 442 dola meriken ladan l. Yo ka menm pa ka fè l yon fwa pa lanne, sa depann kantite chay ki sou do ti tchotcho sa a.

Gen yon lòt bagay ki vin nan tèt mwen tou. Nan lanne 2012, mwen gen yon zanmi m k ap viv Moncton, nan peyi Kanada. Li te vle vin pase yon ti vakans nan yon ‘’Resort’’ nan Karayib la ak madanm li. Ayiti te nan lis li paske madanm li se Kanadyèn ki poko konn Ayiti. Ak 1,700 dola meriken, misye jwenn yon ‘’Vacation Package’’ ki gen ladan l transpò avyon ale-tounen, 3 nuit lotèl, manje vant deboutounen nan Punta Cana, Repiblik Dominikèn, alòske biyè avyon sèlman t ap bwè lajan sa a si misye te deside vini Ayiti.

Bon, li klè nou pa ka konpare yon vil prive tankou Punta Cana kote endistri touristik la ap dodomeya ak yon peyi 2 pye tòtòy nan sektè sa a. Men, m poko ka konprann poukisa sou ‘’Côte des Arcadins’’ an, kote ki gen 8 ‘’Seaside Resorts’’, pri yo 17 wotè alòske chanm yo prèske vid, an jeneral ? Pa egzanp, chak fwa m ale nan sa m pi renmen an, se gras ak seminè oswa rankont travay ONG  (Oganizasyon ki pap Travay pou Gouvènman) ki fè gen 2-3 moun oswa si gen yon lokazyon espesyal. ''Resort'' la ki se yon espas pou pase vakans, amize w tounen ann Ayiti espas travay pou ONG.

Ann pran yon egzanp yo ta fè yon espesyal chanm yo 50 oswa 60 dola ; oswa yon wikenn 2 nuit, 3 jou pou 250 dola. Pou pri sa a, w ap jwenn lamanjay ak transpò nan bis - pou moun ki vle - sòti Pòtoprens rive nan lokal yo. M santi yo te ka chaje kou legba chak wikenn.

Gen anpil moun marye, ki gen pitit, oswa mennaj, jenn gason ak jenn fanm ki gen ti kal mwayen e ki ta renmen pase yon wikenn pa mwa bò lanmè, fèmen yon kote, an sekirite. Men, akòz pri koupèd pòch sa yo, moun sa yo kase tèt tounen. 

Mwen konnen Ayiti se yon peyi ki difisil anpil pou fè biznis. Pa gen kouran. Konpayi yo oblije gen yon gwo dèlko k ap fè bri tout lasent jounen. Sekirite a pa kòdjòm ditou ak tout lòt pwoblèm grenn sonnen ki ka dekouraje yon envestisè. Kidonk, sila ki deside pran risk, merite gwo felisitasyon ak anpil ankourajman. Men, gen yon prensip nan biznis ki di ‘’Plis ou bese pri a, se plis w ap jwenn kliyan’’. Olye pou 200 chanm rete vid pandan yon bon pati nan lanne a, poukisa nou pa bese pri, tabli yon kanpay pwomosyon ak maketin pou rale yon lòt kliyantèl ki anvi vini men ki pa gen gwo mwayen pou twoke kòn ak pri nou mande yo?

Se tankou nan sektè Konpa a. Yon djaz ki pa twò popilè oswa pa gen bagay nèf nan men l deside jwe pou 750 oswa 1000 pyas nan yon espas ki ka pran 1000 moun. Bal la pa gen 200 moun, senpman paske pri a twò wo. Kidonk, poukisa ou pat fè l a 250 oswa 300 pyas ?

Nou wè nan peyi a anpil biznis ki pito fèmen olye yo gen yon estrateji ki kapab ba yo plis kliyan nan bese pri pwodui y ap vann nan. Si nou vle Ayiti louvri pòt li byen gran pou moun vin fè biznis, nou dwe ankouraje kliyantèl la pou l depanse lajan epi santi l byen.

Se lopinyon pa m.

djecee
Suiv mwen sou Instagram ak Twitter : @djecee




3 comments:

  1. This comment has been removed by the author.

    ReplyDelete
  2. Monche mwen renmen sa w ekri paske se yon gwo verite ke patron biznis yo genle pa vle aksepte. Paske pou jwen plezi trankil se vreman en deyo de Potoprens pou pran'l. Mem kalite pri makout sa yo kap dechouke poch ou se laraj.

    Mfini pa konpran pouki gen moun ki prefere voyaje al nan peyi lot bow dlo. Touris lokal ta bon mem avek pri sa yo se 3 jou ou ka fe pou pi plis.

    ReplyDelete
  3. M sispek biznismann Ayiti yo konn sa Johnny ap di a byen pwop, se espre yo fe pou yo sot.

    ReplyDelete